- Lyann
- Yon kòd natirèl kèk plant fè pandan yo ap grandi paske plant sa yo pa kapab gwosi anpil, men yo kapab alonje anpil pou jis yo mouri. Kèk nan plant sa yo tankou grenadya grandi pandan plizyè ane.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Patat — Yon boul yon lyann donnen anba tè e moun manje li paske li dous, li gen anpil farin. Lè lyann patat pase sou yon moso tè, rasin li rantre nan tè kote li gwosi pou fè boul la ki rele patat … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Pwa — Yon mezi moun itilize pou konnen ki kantite lou yon bagay lou. Plizyè grenn plizyè plant diferan donnen an gous e moun itilize grenn sa yo anpil pou prepare anpil repa tankou sòs pwa. Pwa Frans, Yon pwa ki gen yon ti gou dous e ki pa janm shanje… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Grenadya — Yon lyann ki kapab pase plizyè ane ap grandi pandan li ap donnen anpil grenn prèske shak jou. Fri grenadya a sanble avèk yon ti boul. Li gen yon ji andedan li ki si anpil avèk kèk ti grenn tou. Li fè bon ji e ayisyen renmen bwè ji sa a anpil … Definisyon 2500 mo Kreyòl